Kòmandman m'ap ban nou jòdi a, se pa bagay nou pa kapab fè, bagay nou pa ka rive fè. Se pa nan syèl la li ye pou n ta di: Kilès ki pral moute al chache l nan syèl la pou fè nou tande l, pou n ka fè sa l mande nou fè a? Se pa lòt bò lanmè li ye nonplis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l pou nou ka tande sa l di, pou nou ka fè sa l mande nou fè a? Non. Li la toupre nou. Li nan bouch nou, li nan tèt nou pou nou ka fè sa l mande nou fè a. Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi.
Li Detewonòm 30
Koute Detewonòm 30
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 30:11-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo