Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Detewonòm 23:19-25

Detewonòm 23:19-25 HAT98

Piga nou janm fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou peye enterè lè nou prete l lajan, osinon manje, osinon nenpòt lòt bagay. Nou gendwa egzije yon moun lòt nasyon pou l peye nou enterè sou sa nou prete l. Men, nou pa ka fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou sa. Se konsa, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa nou pral fè nan peyi Bondye pral ban nou pou rele nou pa nou. Lè yonn nan nou pwomèt Senyè a n'ap fè kichòy pou li, pa kite twòp tan pase anvan nou kenbe pwomès la, paske Senyè a, Bondye nou an, p'ap manke mande nou kont. Lè sa a, n'a gen yon peche sou konsyans nou. Si nou pa fè Senyè a okenn pwomès, nanpwen peche nan sa. Men, depi yon pawòl sot nan bouch nou, fòk nou kenbe l. Lè nou fè Senyè a yon pwomès ak pwòp bouch nou san anyen pat fòse nou fè l, se pou nou kenbe l. Lè nou pase nan jaden rezen yon moun pèp Izrayèl parèy nou, nou gendwa manje kont rezen nou, jan nou vle. Men, piga nou pran anyen pote ale. Si nou antre nan jaden ble yon moun pèp Izrayèl parèy nou, si ble a mi, nou gendwa kase kèk zepi ak men nou. Men, piga nou mete manchèt pou koupe ble ki mi nan jaden moun pèp Izrayèl parèy nou.

Li Detewonòm 23

Koute Detewonòm 23

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 23:19-25

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo