Lè wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre original ki nan men prèt fanmi Levi yo. Se pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l chak jou jouk li mouri, pou l ka aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye li a, pou l ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l ka fè tou sa yo mande l fè ladan l. Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi okenn lòd nan sa Senyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.
Li Detewonòm 17
Koute Detewonòm 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 17:18-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo