Chak setan, n'a anile dèt tout moun ki dwe nou. Men kijan n'a fè li: Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan, yo va anile dèt la. Pesonn pa gendwa fè presyon sou moun ki dwe yo pou fè yo peye moman piblikasyon anilasyon dèt fin fèt. N'a gen dwa egzije pou moun lòt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpòt kisa yon moun pèp Izrayèl parèy nou dwe nou, n'a kite l pou li. Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an. Men, se pou nou toujou obeyi Senyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Wi, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pèsonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou.
Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Senyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite. Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l lajan pou l achte tou sa li bezwen. Pa kite okenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lannè a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l anyen. Paske lè sa a, l'a rele Senyè a, l'a pale l pou nou, epi n'a gen tò. Non. Se pou nou prete l epi lè n'ap prete l, se pou ou fè l ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè. Va toujou gen moun nan pèp Izrayèl la ki nan malsite. Se poutèt, sa m'ap mande nou aprann lonje men bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.
Si yon moun menm ras ak nou, kit fanm kit gason, vin vann tèt li ban nou pou esklav, l'a va sèvi nou esklav pandan sizan. Lè setyèm ane a rive, se pou nou kite li al fè wout li. Lè n'ap ranvwaye li a, pa kite li ale men vid. Men, n'a fè li kado nan bèt nou yo, nan rekòt nou yo, nan diven ak nan lwil nou. N'a separe benediksyon Senyè a, Bondye nou an, ban nou ak li. Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Senyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a.
Men, si yon esklav konsa di nou li p'ap kite nou, paske li renmen nou ansanm ak tout moun lakay nou, paske nou aji byen avè l, lè sa a, n'a pran yon bagay pwenti, n'a fè l pwoche bò pòt devan lakay nou, n'a pèse zòrèy li. Konsa, l'a rete ap sèvi nou pou tout tan jouk li mouri. N'a fè menm bagay la tou pou fanm ki esklav lakay nou.
Piga nou janm regrèt libere yon esklav, paske li te sèvi nou pandan sizan pou mwatye pri nou ta peye yon moun k'ap travay pou lajan lakay nou. Se konsa, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.