Detewonòm 13:6-18

Detewonòm 13:6-18 HAT98

Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n'al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen, yonn nan bondye lòt moun k'ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou, pa janm tonbe dakò avèk li. Pa koute sa l'ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li. Okontrè, se pou nou touye l. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l. N'a kalonnen l wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Senyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la. Si nou vin tande y'ap di nan yonn nan lavil Senyè a ban nou pou nou rete yo, gen kèk moun, kèk voryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen, se pou nou chache konnen bagay la byen. N'a mennen ti ankèt nou, n'a poze kèsyon adwat agòch. Si bri y'ap fè kouri a vre, si nou jwenn prèv yon bagay mal konsa te fèt vre, se pou nou pran nepe nou, se pou nou touye dènye moun ki nan lavil sa a ansanm ak tout bèt yo. Se pou nou detwi lavil la nèt nan dife pou Bondye ansanm ak tou sa ki ladan l. N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l pou yo sèvi yon ofrann pou Senyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò. Piga nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fèt pou boule pou Senyè a. Se konsa Senyè a va sispann fache sou nou, l'a gen pitye pou nou. Wi, l'a fè pa nou. L'a fè nou peple jan li te pwomèt sa bay zansèt nou yo. Men, se pou nou toujou koute sa Senyè a, Bondye nou an, ap di nou. Se pou nou toujou kenbe tout lòd m'ap ban nou jòdi a. Se pou nou toujou fè sa ki dwat devan Senyè a, Bondye nou an.