Danyèl 7:9-14
Danyèl 7:9-14 HAT98
Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fòtèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fòtèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fòtèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen. Dife t'ap koule sòti nan fòtèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo. Antan mwen t'ap gade, mwen tande vwa ti kòn lan ki t'ap pale byen fò avèk awogans. Antan m'ap gade konsa, yo touye katriyèm bèt la, yo pran kadav li, yo voye l nan dife a, li boule nèt. Yo wete tout otorite nan men lòt bèt yo, men yo kite yo vivan pou yon ti tan ankò. Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nyaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l ba li. Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.

