Nan menm lanne Bèlchaza te moute wa peyi Babilòn, Danyèl fè yon rèv, li wè yon vizyon antan li t'ap dòmi sou kabann li. Apre sa, li kouche tou sa li te wè nan rèv la sou papye. Men sa li te ekri a:
— Jou lannwit sa a, mwen fè yon vizyon. Mwen wè kat gwo van yo t'ap soufle, yo t'ap boulvèse gwo lanmè a. Kat gwo bèt moute sòti nan lanmè a, yonn pat sanble lòt. Premye bèt la te sanble ak yon lyon, men li te gen de gwo zèl tankou malfini. Antan m'ap gade l konsa, yo rache zèl li yo. Yo leve l, yo fè l kanpe tankou yon moun sou pat dèyè l yo. Lèfini, yo fè li gen lespri tankou moun.
Dezyèm bèt la te sanble ak yon lous ki te kanpe panche sou yon bò. Li te gen twa zo kòt nan bouch li. Yon vwa pale avè l, li di l konsa:
— Annou wè! Manje vyann mezi ou kapab.
Antan m'ap gade toujou, yon lòt bèt parèt. Li te sanble ak yon leyopa, men li te gen kat zèl sou do li, tankou zèl zwazo. Li te gen kat tèt tou. Yo te ba li pouvwa sou tout bagay.
Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovay anpil. Depi ou gade l se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè.
Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l. Li pat sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l yo. Li te gen dis kòn. Antan m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye.
Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fòtèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fòtèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fòtèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen. Dife t'ap koule sòti nan fòtèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.
Antan mwen t'ap gade, mwen tande vwa ti kòn lan ki t'ap pale byen fò avèk awogans. Antan m'ap gade konsa, yo touye katriyèm bèt la, yo pran kadav li, yo voye l nan dife a, li boule nèt. Yo wete tout otorite nan men lòt bèt yo, men yo kite yo vivan pou yon ti tan ankò.
Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nyaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l ba li. Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.