Se konsa yo kouri al jwenn wa a, yo di l konsa:
— Wa Dariyis, nou mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò! Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l nan gwo twou lyon yo. Monwa, nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pat ka chanje anyen ladan l, tout moun fèt pou koube devan l.
Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la. Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, l'al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a.
Mesye yo vini, yo wè Danyèl ki t'ap lapriyè nan pye Bondye l la. Yo tout al jwenn wa a epi yo di l:
— Monwa, eske ou pat siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l nan gwo twou lyon an, pa vre?
Wa a reponn:
— Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje.
Lè sa a, mesye yo di wa a:
— Danyèl, yonn nan moun Jida yo te depòte isit yo, pa okipe ou menm, monwa. Li pa respekte lòd ou te bay la. Twa fwa pa jou, l'ap lapriyè lapriyè l!
Lè wa a tande sa, sa te fè l lapenn anpil, li di nan kè l se pou l sove Danyèl. Jouk solèy kouche li t'ap chache yon jan pou l fè kichòy pou Danyèl. Mesye yo tounen kay wa a ankò, epi yo di l:
— Monwa, pa bliye. Dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès, depi wa a fin siyen yon lòd, se fini.
Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa:
— Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou!
Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l anwo bouch twou a pou fèmen l. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pèsonn pa ta ka vin sove Danyèl. Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache okenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l pa fèmen je l.
Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l te sere lè li rele Danyèl, li di:
— Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, eske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo?
Danyèl pale, li di wa a:
— Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò! Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m pa fè ou anyen ki mal, pa vre?
Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl sòti nan twou a mete l deyò. Lè yo rale mesye sòti, yo wè lyon yo pat grafinyen l menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l.