Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Danyèl 6:16-23

Danyèl 6:16-23 HAT98

Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa: — Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou! Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l anwo bouch twou a pou fèmen l. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pèsonn pa ta ka vin sove Danyèl. Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache okenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l pa fèmen je l. Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l te sere lè li rele Danyèl, li di: — Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, eske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo? Danyèl pale, li di wa a: — Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò! Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m pa fè ou anyen ki mal, pa vre? Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl sòti nan twou a mete l deyò. Lè yo rale mesye sòti, yo wè lyon yo pat grafinyen l menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l.

Li Danyèl 6

Koute Danyèl 6

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Danyèl 6:16-23

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo