Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa: — Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou! Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l anwo bouch twou a pou fèmen l. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pèsonn pa ta ka vin sove Danyèl. Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache okenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l pa fèmen je l. Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l te sere lè li rele Danyèl, li di: — Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, eske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo? Danyèl pale, li di wa a: — Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò! Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m pa fè ou anyen ki mal, pa vre?
Li Danyèl 6
Koute Danyèl 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Danyèl 6:16-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo