Danyèl 6:1-9
Danyèl 6:1-9 HAT98
Dariyis deside chwazi sanven (120) prefè li mete chèf nan tout peyi a. Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsabilite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a. Danyèl sa a te fè travay li pi byen pase tout lòt gwo chèf ak prefè yo paske li te gen lespri pase yo. Se konsa wa a te fè lide mete l reskonsab tout peyi a. Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pat ka jwenn anyen pou yo repwoche l sitèlman Danyèl te yon nom serye nan tou sa l'ap fè. Li pat pote okenn neglijans ni pat gen okenn mank nan travay li. Lè sa a yonn di lòt: — Nou pa ka jwenn anyen ki mal nan travay Danyèl ap fè a. Ann chache nan jan l'ap sèvi Bondye l la. Se konsa yo kouri al jwenn wa a, yo di l konsa: — Wa Dariyis, nou mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò! Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l nan gwo twou lyon yo. Monwa, nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pat ka chanje anyen ladan l, tout moun fèt pou koube devan l. Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la.

