Apre sa, wa Nebikadneza rete konsa li leve voup, tankou yon moun ki sezi. Li mande moun ki te avè l yo: — Eske se pat twa moun tou mare nou te lage nan gwo fou tou limen an? Yo reponn li: — Se sa wi, monwa! Wa a di yo ankò: — Ki jan fè se kat moun mwen wè k'ap mache nan dife a? Yo yonn pa mare. Dife a pa fè yo anyen. Katriyèm moun lan menm sanble yon pitit bondye yo. Wa Nebikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele: — Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Sòti vin jwenn mwen! Epi mesye yo mache sòti nan dife a. Tout gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pat fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pat boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pat gen okenn lafimen sou yo. Wa a di konsa: — Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a.
Li Danyèl 3
Koute Danyèl 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Danyèl 3:24-28
1 Week
Learn what the Bible says about boldness and confidence. The "Courage" Reading Plan encourages believers with reminders of who they are in Christ and in God's kingdom. When we belong to God, we're free to approach Him directly. Read again – or maybe for the first time – assurances that your place in God's family is secure.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo