Danyèl 3:1-16

Danyèl 3:1-16 HAT98

Wa Nebikadneza te fè fè yon gwo estati lò. Estati a te gen katrevenndis pye wotè ak nèf pye lajè. Li fè yo mete l kanpe nan mitan plenn Doura a, nan pwovens Babilòn lan. Lèfini, wa a bay lòd pou tout otorite yo: prefè, kòmandan, gouvènè, komisè, prepoze, jij, majistra ansanm ak tout lòt chèf pwovens yo, reyini pou y'a l nan premye seremoni y'ap fè pou mete estati lò wa a te fè fè a an sèvis. Se konsa, tout otorite yo te reyini pou gwo fèt premye seremoni an. Yo te kanpe devan estati wa a te fè fè a. Yonn nan moun ki te konn fè piblikasyon yo pran pale byen fò, li di: — Nou menm moun tout nasyon, moun tout ras ki pale tout kalite lang, men lòd yo ban nou. Talè konsa nou pral tande yo kònen twonpèt. Apre sa, yo pral jwe fif, bandjo, gita. Lèfini, yo pral jwe tout lòt enstriman mizik yo ansanm. Lè mizik la konmanse, se pou nou mete ajenou devan estati lò wa Nebikadneza te fè fè a. Se pou nou adore l. Tout moun ki refize mete ajenou devan estati a pou adore l, y'ap pran l al lage tou vivan anndan yon gwo fou tou limen. Se konsa, tande moun yo tande twonpèt la ak tout lòt enstriman yo, yo tonbe ajenou devan estati lò wa Nebikadneza te fè fè a, yo adore l. Te gen moun tout nasyon ki sòti nan tout ras, epi ki pale tout kalite lang. Lè sa a, gen kèk moun lavil Babilòn ki pwofite al denonse jwif yo. Yo di wa Nebikadneza konsa: — Se pou wa a viv pou tout tan! Monwa, ou fè pibliye yon lòd ki mande pou tout moun mete ajenou, pou yo adore estati lò a, lè y'a tande twonpèt ak tout lòt enstriman mizik yo ap jwe. Si yon moun pa mete ajenou pou adore estati a, se pou yo lage l tout vivan nan gwo fou tou limen an. Enben! Gen twa jwif ou te mete reskonsab pwovens Babilòn lan. Se Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Mesye sa yo pa okipe lòd ou bay la, monwa. Yo pa adore bondye ou la. Yo pa mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a. Lè Nebikadneza tande sa, li move anpil, li fè gwo kòlè, li bay lòd pou yo mennen Chadrak, Mechak ak Abèdnego ba li. Lamenm, yo mennen twa mesye yo devan wa a. Wa a di yo konsa: — Chadrak, Mechak ak Abèdnego, eske se vre nou derefize adore bondye mwen yo, nou derefize mete ajenou devan estati lò mwen te fè fè a? Bon, kounyeya, tande n'a tande twonpèt yo ak lòt enstriman mizik yo ap jwe, se pou nou mete ajenou pou n adore estati mwen fè fè a. Si nou pa fè sa, y'ap jete nou nan gwo fou tou limen an. Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m. Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nebikadneza konsa: — Monwa, nou p'ap eseye defann tèt nou.