Se mwen menm sèlman ki te wè vizyon an. Lòt moun ki te avè m yo pat wè anyen. Men yo te pè, yo te kouri al kache. Mwen menm, mwen te rete la pou kont mwen. Mwen t'ap gade gwo vizyon an. Mwen santi m pat gen fòs menm, figi m te dekonpoze. Pa gen moun ki ta ka rekonèt mwen. Lè m tande vwa li menm, mwen tonbe fas atè, mwen pèdi konesans. Apre sa, mwen santi yon men manyen m, li fè m leve sou pla men m ak sou jenou m. M t'ap tranble toujou. Zanj lan di m konsa: — Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m kote ou. Lè li fin di m sa, mwen leve kanpe, men m t'ap tranble toujou. Li di m konsa: — Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la. Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.
Li Danyèl 10
Koute Danyèl 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Danyèl 10:7-14
4 Jou
Eske ou janm santi tèt ou senpleman nan men fòs okirans nan lavi a? Èske ou toujou santi tèt ou kòm yon viktim? Jwenn idantite ou kòm yon vankè nan Paròl Bondye a ak pran plas ou kòm kòmandan dwa ou!
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo