Apre sa, mwen santi yon men manyen m, li fè m leve sou pla men m ak sou jenou m. M t'ap tranble toujou. Zanj lan di m konsa: — Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m kote ou. Lè li fin di m sa, mwen leve kanpe, men m t'ap tranble toujou. Li di m konsa: — Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.
Li Danyèl 10
Koute Danyèl 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Danyèl 10:10-13
4 Jou
Eske ou janm santi tèt ou senpleman nan men fòs okirans nan lavi a? Èske ou toujou santi tèt ou kòm yon viktim? Jwenn idantite ou kòm yon vankè nan Paròl Bondye a ak pran plas ou kòm kòmandan dwa ou!
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo