Kolosyen 1:1-20

Kolosyen 1:1-20 HAT98

Mwen menm Pòl, apot Jezikri selon volonte Bondye, ak Timote frè nou, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye ki lavil Kolòs la, k'ap kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm tankou frè nan Kris la. Nou mande Bondye, Papa nou, pou li ban nou benediksyon ak kè poze. Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou. Mwen pran nouvèl jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a. Depi premye jou yo fè nou konnen bonnouvèl la ki se yon mesaj verite, nou gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen konfyans sa a ak tout renmen nan kè nou. Bon nouvèl la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bòn nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l toupatou sou latè. Se Epafras, yon bon zanmi k'ap travay ansanm avè m, ki te moutre nou tou sa. L'ap ede m nan travay la tankou yon bon sèvitè Kris la. Se li menm ki fè m konnen renmen Lespri Bondye a ban nou. Se poutèt sa, nou pa janm sispann lapriyè pou nou depi jou nou vin konn sa. Nou mande Bondye pou li fè nou fin konn volonte li nèt, grasa lespri epi bon konprann Sentespri ban nou. Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye. Nou mande Bondye, ak tout pouvwa li, pou li fòtifye nou tout jan pou nou ka sipòte tout bagay avèk pasyans. Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l yo nan peyi limyè a. Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa. Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Kris se pòtre Bondye envizib la. Li se premyene, li la anvan tout sa Bondye kreye. Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo. Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo. Se li ki tèt legliz la. Legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm premye ki resisite nan lanmò pou li ka gen premye plas nan tout bagay. Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l ye a, se sa pou Kris la ye tou. Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a.