Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Senyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè. Se va tankou yon nonm k'ap kouri pou lapli, epi li tonbe larivyè. Ou ankò, tankou yon moun ki rive lakay li, li mete men l sou panno kay la, epi yon krab zarenyen mode l. Jou Senyè a ap vini an, va fè nwa kou lank, p'ap fè klate. Se va yon jou fènwa, san yon ti limyè. Senyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen. Lè n'a pote bèt pou boule pou mwen, lè n'a fè m ofrann gato, sa p'ap fè m plezi. Ni mwen p'ap menm gade bèt gra nou pote vin ofri m pou di m mèsi. Sispann chante kantik nou yo nan zòrèy mwen. Mwen pa vle tande mizik gita nou yo ankò. Tankou dlo k'ap kouri larivyè, se pou nou rann tout moun jistis nan peyi a. Tankou yon kouran dlo k'ap kouri san rete, se pou nou toujou fè sa ki dwat. Nou menm, moun Izrayèl, pandan karantan nou pase nan dezè a, nou janm ofri bèt pou touye pou mwen? Nou janm ofri m gato? Se konsa, kounyeya nou gen pou nou pote lakay nou pòtre nou te fè pou nou yo: pòtre Sakit, wa nou an, ak pòtre zetwal Kevan an, bondye n'ap sèvi a. M'ap depòte nou nan yon peyi lòt bò Damas. Men sa Senyè a di, li menm yo rele Bondye ki gen tout pouvwa a.
Li Amòs 5
Koute Amòs 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Amòs 5:18-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo