Senyè a di konsa: Lè yon lyon fin devore yon ti mouton, tou sa gadò a resi sove se renk de pye ak yon ti moso zòrèy. Konsa tou, se de twa nan moun pèp Izrayèl ki rete lavil Samari yo k'ap sove, yo menm ki rete nan yon ti kwen kay, sou yon moso kabann. Koute byen. Avèti pitit pitit Jakòb yo. Men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvou a, di: Lè jou a rive pou m pini pèp Izrayèl la pou peche l yo, m'a detwi tout lotèl ki nan lavil Betèl la. Kòn lotèl yo ap kase, y'ap tonbe atè. M'ap detwi kay yo fè pou sezon fredi ak kay yo fè pou sezon chalè. M'ap demoli kay yo fè ak ivwa yo ra tè. Tout gwo kay yo pral disparèt. Se Senyè a menm ki di sa.
Li Amòs 3
Koute Amòs 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Amòs 3:12-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo