Men Sòl, bò pa li, pa te janm sispann fè disip Senyè yo pwomès sasinen yo. L'al jwenn granprèt la. Li mande l lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm. Antan li sou wout la, toupre Damas, li rete konsa, yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote li te ye a. Sòl tonbe atè, epi l tande yon vwa ki di li: — Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Li reponn: — Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: — Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a. Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè. Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pat wè pèsonn. Sòl leve atè a, li louvri je l men li pat kapab wè anyen. Yo pran men l, yo mennen l lavil Damas.
Li Travay 9
Koute Travay 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 9:1-8
7 Days
New Year. A New Day. God created these transitions to remind us that He is the God of New Beginnings. If God can speak the world into existence, He can certainly speak into the darkness of your life, creating for you a new beginning. Don’t you just love fresh starts! Just like this reading plan. Enjoy!
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo