Sòl menm te dakò pou yo touye Etyèn. Menm jou sa a, yon gwo pèsekisyon te eklate kont legliz Jerizalèm. Fidèl yo kouri gaye kò yo nan tout zòn Jide ak zòn Samari. Sèl apot yo ki te rete Jerizalèm. Kèk fidèl zele te pran kò Etyèn, yo fè bèl vèy ak bèl lantèman pou li. Sòl menm te sòti pou l fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo, rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon. Fidèl ki te gaye nan tout peyi a t'ap mache bay mesaj la toupatou. Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la, li tanmen pale sou Kris la bay moun yo. Tout popilasyon an rete atantif, y'ap koute sa Filip t'ap di yo. Yo te wè mirak li t'ap fè. Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo sòti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou. Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.
Li Travay 8
Koute Travay 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 8:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo