Travay 8:1-40

Travay 8:1-40 HAT98

Sòl menm te dakò pou yo touye Etyèn. Menm jou sa a, yon gwo pèsekisyon te eklate kont legliz Jerizalèm. Fidèl yo kouri gaye kò yo nan tout zòn Jide ak zòn Samari. Sèl apot yo ki te rete Jerizalèm. Kèk fidèl zele te pran kò Etyèn, yo fè bèl vèy ak bèl lantèman pou li. Sòl menm te sòti pou l fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo, rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon. Fidèl ki te gaye nan tout peyi a t'ap mache bay mesaj la toupatou. Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la, li tanmen pale sou Kris la bay moun yo. Tout popilasyon an rete atantif, y'ap koute sa Filip t'ap di yo. Yo te wè mirak li t'ap fè. Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo sòti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou. Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la. Nan lavil sa a, te gen yon nonm yo rele Simon. Metye li se te majisyen. Simon sa a te konn ap fè moun Samari rete bouch be ak mèvèy li t'ap fè. Konsa li te fè tèt li pase pou yon nèg enpòtan. Tout moun, ni gran ni piti, yo tout te kwè nan sa l'ap fè. Yo t'ap di: — Nonm sa a gen yon pisans Bondye sou li, se gwo pisans lan nèt! Moun yo te fanatik li paske depi lontan li t'ap fè yo rete bouch be devan maji li t'ap fè. Men, lè Filip anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la. Fanm kou gason resevwa batèm. Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè. Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo. Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri, paske Sentespri a pat ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Senyè Jezi a sèlman. Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri. Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pyè ak Jan lajan. Li di yo: — Ban m pouvwa sa a tou, pou lè m mete men m sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou. Men, Pyè di li: — Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan? Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou. Ou pa gendwa ladan l paske kè ou pa dwat devan Bondye. Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a. Paske mwen wè ou gen yon peche kòryas sou ou, peche a fin antòtiye nanm ou nèt. Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: — Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen. Lè Pyè ak Jan fin rann temwanyaj sa a, lè yo fin bay mesay Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bòn nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari. Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: — Leve non! Ale nan direksyon sid, sou wout Jerizalèm ki desann sou Gaza. Se yon wout ki pa fasil gen moun. Filip leve, li pati. Antan li sou wout la, li kontre yon nonm. Se te moun Letyopi, yon nèg chatre. Misye se gwo chèf nan peyi li. Se li menm ki reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute Jerizalèm pou adore Bondye. Antan li t'ap tounen nan peyi l, li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Sentespri di Filip: — Avanse, ale bò kote cha a. Filip kouri ale bò cha a, li tande moun peyi Letyopi a ki t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande li: — Eske ou konprann sa w'ap li la a? Nonm lan reponn li: — Ki jan pou m fè konprann si m pa jwenn moun pou esplike mwen? Epi li mande Filip pou l moute nan cha a, vin chita bò kote li. Men pasay li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l jistis. Pèsonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l sou latè fini nèt. Chèf peyi Letyopi a mande Filip: — Di m non, ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l osinon yon lòt moun? Filip pran pale: li konmanse avèk pasay li t'ap li nan liv la, li fè l konnen bòn nouvèl ki pale sou Jezi a. Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letyopi a di li: — Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m resevwa batèm? Filip di li: — Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: — Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a. Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li. Lè yo sòti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l ankò. Men, li kontinye chemen l ak kè kontan. Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l pase, li anonse bòn nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.