— Nan gwo dezè a, zansèt nou yo te gen yon tant kote yo te fèmen de wòch plat lalwa yo. Yo te fè l jan Bondye te mande Moyiz pou l fè l la, dapre modèl li te moutre Moyiz la. Yo pase tant sa a bay grandèt nou yo ki te vin apre. Grandèt nou yo menm te pote l avèk yo lè Jozye t'ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pèp Bondye t'ap chase met deyò devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David. David te jwenn favè Bondye, li te mande l pèmisyon pou l te fè yon kay pou Bondye Jakòb la. Men se Salomon ki te bati kay la pou li. — Men, Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di: Syèl la se fòtèy kote m chita a. Se Bondye ki di sa. Tè a se yon ti ban pou m lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m poze kò m? Eske se pa mwen ki fè tout bagay sa yo? — Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo. Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pat pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Kounyeya, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye. Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li.
Li Travay 7
Koute Travay 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 7:44-53
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo