Granprèt la mande Etyèn:
— Eske se vre?
Etyèn reponn:
— Frè m yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pat ankò vin rete Karan. Bondye di l konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l. Ale nan peyi m'a moutre ou la. Se konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, l'al rete Karan. Lè papa Abraram mouri, Bondye fè l kite Karan vin nan peyi kote n'ap viv kounyeya.
— Lè sa a, Bondye pat bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tè. Men, Bondye te pwomèt li t'ap ba l peyi a ki t'ap rete nèt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lè sa a Abraram pat gen pitit. Men sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo gen pou y'al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an). Men, Bondye di l ankò: Se mwen menm k'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Apre sa, y'a sòti kite peyi etranje sa a, y'a vin sèvi m isit la. Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l lan, wit jou apre l te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la.
— Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf. Li delivre l nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l bon konprann, li fè l aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.
— Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pat jwenn anyen pou yo te manje. Lè Jakòb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansèt nou yo la yon premye fwa. Dezyèm fwa y'ale a, Jozèf fè frè l yo rekonèt li. Se konsa farawon an vin fè konesans ak fanmi Jozèf yo. Jozèf voye chache Jakòb, papa l, ansanm ak tout fanmi li. Lè sa a, yo te swasannkenz moun antou. Jakòb desann nan peyi Lejip. Se la li mouri, li menm ak tout zansèt nou yo. Yo pote kò yo Sichèm, y' antere yo la, nan gwòt Abraram te achte nan men eritye Emò yo.
— Lè a t'ap pwoche pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram lan. Pèp nou an te vin anpil, chak jou li t'ap vin pi plis toujou nan peyi Lejip la. Yon lòt wa ki pat konnen anyen sou Jozèf te pran kòmandman peyi a. Wa sa a leve dèyè pèp nou an, li maltrete zansèt nou yo. Li fòse yo kite tibebe ki fèk fèt yo deyò pou yo ka mouri.