Travay 5:28-32
Travay 5:28-32 HAT98
Li di yo: — Eske nou pat defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sàn fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: — Se pou n obeyi Bondye pase pou n obeyi moun. Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n te kloure l sou kwa a. Bondye fè l moute chita sou bò dwat li, li mete l Chèf sou nou, li fè l delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l resevwa padon pou peche l yo. Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l yo.


