Travay 5:1-4
Travay 5:1-4 HAT98
Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen. Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi l'al renmèt apòt yo rès la. Lè sa a, Pyè di li: — Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l fè ou bay Sentespri manti, pou l fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.

