Se lè nou fin sove nou vin konnen zile a te rele Malt. Moun peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t'ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou. Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l nan dife a lè yon sèpan sòti nan chalè dife a, li vlope nan men li. Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: — Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou. Pòl annik souke men l, epi bèt la tonbe nan dife a. Li pat santi anyen ankò. Lòt moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l, yo chanje lide, yo di: — Nonm sa a, se yon bondye.
Li Travay 28
Koute Travay 28
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 28:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo