Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Travay 28:1-10

Travay 28:1-10 HAT98

Se lè nou fin sove nou vin konnen zile a te rele Malt. Moun peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t'ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou. Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l nan dife a lè yon sèpan sòti nan chalè dife a, li vlope nan men li. Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: — Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou. Pòl annik souke men l, epi bèt la tonbe nan dife a. Li pat santi anyen ankò. Lòt moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l, yo chanje lide, yo di: — Nonm sa a, se yon bondye. Toupre bò la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi gran notab sou zile a. Li resevwa nou ak kè kontan. Nou fè ladesant lakay li pandan twa jou. Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l, li lapriyè, li mete men l sou tèt li, li geri li. Apre sa, tout lòt moun ki te malad sou zile a te vini tou. Yo tout te geri. Yo fè nou anpil kado. Lè pou n anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la.

Li Travay 28

Koute Travay 28

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Travay 28:1-10

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo