Men, nou pral chwe sou yon zile.
Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, maren yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè. Yo mare yon sonn nan yon liny, yo lage l nan fon. Yo jwenn dlo a te gen ven bras. Pi devan ankò yo lage liny lan, yo jwenn kenz bras ase. Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve. Maren yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo ta pral mare kèk lank devan batiman an. Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo:
— Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove.
Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l ale. Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo:
— Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann. Tanpri, kounyeya, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi.
Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l konmanse manje. Tout moun reprann kouray. Yo menm tou yo manje. Te gen desanswasannsèz (276) moun antou abò batiman an. Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an.
Lè solèy leve, maren yo pat rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la. Yo lage lank. Yo demare kòd ki kenbe zaviwon gouvènay la. Yo ise vwal devan batiman an pou van an pouse li tou dwat devan yo. Yo mete kap sou rivaj la. Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li.
Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pat naje sove. Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y'al atè. Lòt moun yo va swiv apre, y'a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè.