Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Feniks. Yo leve lank, yo pran lonje lakòt zile a. Men yon lòt moman, yon gwo van nòde desann soti nan mòn zile a. Li pran trennen batiman an. Pat gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l pote n ale. Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a. Yo rale l moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pat al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou. Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo. Nan denmen ankò, maren yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo. Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n wè sa, nou pèdi tout espwa sove. Moun ki te abò yo pat manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: — Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pat dwe sòti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo. Men, kounyeya, m'ap di nou pran kouray. Pèsonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi. Yèswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj bò kote mwen, li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo. Se poutèt sa, mesye, pran kouray. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l rive jan li di m lan. Men, nou pral chwe sou yon zile.
Li Travay 27
Koute Travay 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 27:13-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo