Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Travay 26:24-32

Travay 26:24-32 HAT98

Antan Pòl t'ap pale konsa pou defann tèt li, Festis rele byen fò: — Ou fou, Pòl! Twòp lespri fè ou pèdi tèt ou. Pòl reponn li: — Mwen pa fou non, ekselans. Tout pawòl mwen di la a se verite a tou klè, epi yo gen sans. Wa Agripa konn tout bagay sa yo. Se poutèt sa mwen pa pè pale devan li. Mwen sèten li konnen tout bagay sa yo, paske pa gen okenn ladan yo mwen te fè an kachèt. Wa Agripa, eske ou pa kwè sa pwofèt yo di? Mwen konnen ou kwè. Agripa di Pòl: — Talè konsa ou pral pran tèt mwen tou pou fè m kretyen? Pòl reponn li: — Kit kounyeya, kit pita, m'ap lapriyè Bondye ni pou ou ni pou nou tout k'ap koute m jòdi a pou yon lè konsa nou vin tankou m, wetan chenn sa yo! Wa a, gouvènè a, Berenis ansanm ak tout moun ki te la yo leve. Apre yo fin ale, yonn t'ap di lòt: — Nonm sa a pa fè anyen ki merite prizon, ale wè lanmò. Agripa di Festis konsa: — Si nonm sa a pat mande pou Seza tande l, ou ta ka lage l wi.

Li Travay 26

Koute Travay 26

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Travay 26:24-32

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo