Agripa di Pòl: — Ou mèt pale pou defann tèt ou. Lè sa a, Pòl lonje men l, epi li fè defans li konsa: — Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen. Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite kèsyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen. — Tout jwif yo konnen ki jan m mennen tèt mwen depi lè m te jenn gason, ki jan m t'ap viv depi nan konmansman nan mitan moun peyi mwen yo ak nan Jerizalèm. Yo konnen m depi lontan. Epi, si yo vle, yo ka rann temwanyaj mwen t'ap viv tankou yon farizyen. Farizyen yo se moun ki pi rèd nan relijyon nou an. Kounyeya, yo rele m an jijman paske m'ap tann pwomès Bondye te fè zansèt nou yo.
Li Travay 26
Koute Travay 26
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 26:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo