Travay 25:13-27

Travay 25:13-27 HAT98

Kèk jou apre sa, wa Agripa ak Berenis rive Sezare. Yo te vin di Festis bonjou. Yo t'ap pase kèk jou la. Festis pwofite esplike sitirasyon Pòl la bay wa a, li di li: — Feliks te kite yon nonm nan prizon isit la. Lè mwen t'al Jerizalèm, chèf prèt yo ak chèf fanmi jwif yo te vin pote m' plent pou li. Yo mande m' pou mwen kondannen li. Mwen reponn yo: Se pa koutim moun lavil Wòm yo pou yo renmèt yon akize bay lènmi l konsa san yo pa mete l fasafas ak moun k'ap akize l yo anvan. Se pou l gen chans defann tèt li tou anba akizasyon yo. Se konsa yo vin isit la avèk mwen. Mwen pat pèdi tan mwen. Nan denmen mal chita nan tribinal la, mwen bay lòd pou yo mennen nonm lan. Moun ki t'ap akize l yo vin parèt tou, men yo pat bay okenn move zak li te fè, jan m te kwè a. Se yon diskisyon sèlman yo te gen avè l sou relijyon yo a ak sou yon nonm yo rele Jezi ki mouri. Men, Pòl sètifye nonm sa a leve, li vivan ankò. Mwen pat konn sa pou m te fè ankò pou m te pran enfòmasyon sou kèsyon sa yo. Mwen mande Pòl si l pa ta vle al Jerizalèm pou yo te ka jije l sou zafè sa a la. Men, Pòl mande pou Seza tande kòz li. Li mande pou yo kenbe l nan prizon jouk Seza va pran yon desizyon sou ka li. Se konsa mwen bay lòd pou yo pa lage l jouk m'a ka voye l bay Seza. Agripa di Festis konsa: — Mwen ta renmen tande nonm sa a. Festis reponn li: — Denmen w'a tande li. Se konsa, nan denmen Agripa ak Berenis vin nan mitan yon gwo kòtèj. Yo antre nan sal odyans lan avèk tout chèf militè yo ansanm ak notab lavil la. Festis bay yon lòd, epi yo mennen Pòl vini. Apre sa, Festis di: — Wa Agripa, nou tout ki isit la avèk nou, men li! Nou wè nonm sa a. Tout jwif yo vin pote m plent pou li, ni laba Jerizalèm ni isit la. Y'ap plede rele nonm sa a te fèt pou l mouri deja. Mwen menm, pou tèt pa m, mwen wè li pa fè anyen ki merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande kòz li. Se poutèt sa, mwen pran desizyon voye l bay Seza. Mwen pa gen anyen ki sèten pou m ekri sou li. Se poutèt sa mwen fè l konparèt devan nou, devan ou menm sitou, wa Agripa. Konsa m'a jwenn sa pou m ekri lè n'a fin poze l kèsyon. Pou mwen menm, sa pa gen sans pou espedye yon prizonye konsa san ou pa di egzakteman kisa li fè.