Feliks ki te okouran tout bagay sou relijyon kretyen yo, li ranvwaye jijman an pou pita. Li di yo: — Lè kòmandan Lizyas vini, m'a fin tande afè a. Li bay ofisye ki te reskonsab Pòl la lòd pou l pa lage l, men pou l ba li kèk ti libète, epi pou kite zanmi l yo rann li ti sèvis. Kèk jou apre sa, Feliks vini avèk Drisil, madanm li, ki te yon jwif. Li voye rele Pòl, li te vle tande sa Pòl te gen pou l di sou konfyans nan Jezikri a. Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks sòti pè, li di: — Bon, kounyeya ou mèt ale. Lè m'a gentan m'a rele ou ankò. Li te mete nan tèt li Pòl ta ka ba li lajan. Se poutèt sa plizyè fwa li te fè l vin koze avèk li. Dezan pase konsa. Feliks menm ki te vle fè jwif yo plezi te kite Pòl nan prizon tout tan sa a. Apre sa, Pòsiyis Festis vin moute gouvènè nan plas Feliks.
Li Travay 24
Koute Travay 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 24:22-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo