Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a. Yo te vin pote plent pou Pòl. Yo fè rele Pòl. Lè sa a Tètilis konmanse pale, li t'ap akize Pòl konsa:
— Ekselans, se ou ki fè nou gen lapè depi lontan. Se sou gouvènman ou yo fè anpil refòm nesesè pou byen peyi a, tèlman ou gen bon konprann. Pou tou sa w'ap fè depi lontan toupatou, n'ap di ou mèsi anpil ak tout kè nou. Mwen pa vle pran twòp tan ou. Men tanpri souple, pran pasyans, koute sa nou gen pou n di ou la a. Nou p'ap pale anpil. Nou fin wè nonm sa a se yon gwo nwizans: l'ap mache fè dezòd nan mitan jwif yo toupatou sou latè. Se chèf gwoup Nazareyen yo li ye. Li menm seye derespekte tanp lan. Lè nou wè sa, nou arete l. [Nou te vle jije l dapre Lalwa nou an. Men, kòmandan Lizyas antre nan koze a, li aji yon jan brital ak nou, li wete li nan men nou. Apre sa, Lizyas bay moun ki t'ap akize l yo lòd pou yo vin parèt devan ou.] Si ou poze nonm sa a kèsyon, w'a wè ou menm tou, ki jan sa n'ap di la a se verite tou klè.
Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre.
Gouvènè a fè Pòl siy pou l pale. Pòl di:
— Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou. Ou mèt pran ranseyman, jòdi a fè douz jou depi mwen te moute Jerizalèm pou mal fè sèvis pou Bondye. Jwif yo pa jwenn mwen ap diskite ak pèsonn nan tanp lan, yo pa bare m ap moute tèt pèsonn ni nan sinagòg yo ni okenn lòt kote nan lavil la. Moun sa yo pa ka bay okenn prèv pou tou sa yo sot di mwen fè a. Men, m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo. Mwen gen espwa sa a, epi mwen konnen yo genyen l tou. Yon jou Bondye gen pou fè tout moun, bon kou mechan, leve sòti vivan nan lanmò. Se konsa m'ap fè posib mwen pou m toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun. Apre mwen fin pase anpil lanne deyò, mwen tounen Jerizalèm. Mwen te vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an, epi m tou pwofite fè ofrann bèt pou Bondye. Men sa m t'ap fè lè yo jwenn mwen nan tanp lan. Mwen te fin patisipe nan jou sèvis pou mete moun nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Pa te gen foul moun avè m, pa te gen kras dezòd. Men, te gen kèk jwif ki te sòti nan pwovens Lazi, se yo menm ki te dwe la devan ou pou akize m, si yo te gen kichòy kont mwen. Osinon, se pou moun ki isit la di ki move zak yo jwenn mwen te fè lè m te kanpe devan Gran Konsèy la. Men sèl pawòl mwen te di byen fò lè m te kanpe devan yo tout la: Se paske mwen kwè mò yo gen pou leve vivan ankò kifè yo rele m an jijman devan nou jòdi a.
Feliks ki te okouran tout bagay sou relijyon kretyen yo, li ranvwaye jijman an pou pita. Li di yo:
— Lè kòmandan Lizyas vini, m'a fin tande afè a.
Li bay ofisye ki te reskonsab Pòl la lòd pou l pa lage l, men pou l ba li kèk ti libète, epi pou kite zanmi l yo rann li ti sèvis.