Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Travay 22:22-29

Travay 22:22-29 HAT98

Foul moun yo t'ap koute Pòl byen pwòp. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele: — Wete nonm sa a sou latè! Touye li! Li pa merite viv ankò! Yo t'ap rele pi rèd, yo t'ap souke rad yo, yo t'ap voye pousyè tè anlè. Kòmandan women an bay lòd fè Pòl antre nan kazèn lan. Li mande pou yo bat li pou fè l pale. Li te vle konnen poukisa foul moun yo t'ap rele dèyè l konsa. Lè yo fin mare l pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a: — Eske nou gendwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal? Lè l tande sa, ofisye a al avèti kòmandan an, li di li: — Fè atansyon sa ou pral fè la a, tande! Nonm lan, se sitwayen women li ye wi. Kòmandan an vin jwenn Pòl, li mande li: — Di mwen, eske se sitwayen women ou ye? Pòl reponn li: — Wi. Kòmandan an di l konsa: — Mwen menm, mwen te peye gwo lajan pou m te ka sitwayen women. Pòl reponn li: — Mwen menm, mwen fèt sitwayen women. Lamenm, moun ki ta pral bat li pou te fè l pale yo renka kò yo dèyè. Ata kòmandan an te pè lè l vin rann li kont li te fè mare Pòl ki te yon sitwayen women avèk chenn.

Li Travay 22

Koute Travay 22

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Travay 22:22-29

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo