Travay 21:1-40

Travay 21:1-40 HAT98

Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Sòti la, n'ale Patara. La, nou jwenn yon batiman ki ta pral peyi Fenisi, nou moute abò l epi nou pati. Nou rive toupre zile Chip. Antan nou abò a, nou te ka wè li toupre nou konsa. Men nou pase sou anba li, nou fè kap pou peyi Siri. Nou fè tè lavil Tir kote yo debake chay batiman an te pote. Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm. Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n'al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivay la, nou lapriyè. Apre sa, nou yonn di lòt orevwa. Nou moute abò, yo menm yo tounen lakay yo. Nou sòti lavil Tir nou rive lavil Tolemayis, se la nou fini vwayaj sou lanmè a. Nal di frè ki te la yo bonjou, nou pase yon jou avèk yo. Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo. Li te gen kat pitit fi vyèj ki t'ap pwofetize pawòl Bondye. Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann sòti nan Jide. Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l ak de men pa l yo, epi li di: — Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a. Apre sa, y'ap lage l nan men moun lòt nasyon yo. Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak tout moun Sezare yo t'ap di Pòl konsa: — Tanpri souple, pa moute Jerizalèm. Men, li reponn nou: — Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouray mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Senyè Jezi nan Jerizalèm. Lè nou wè nou pa te kapab chanje lide nan tèt li, nou pa pèsiste sou sa ankò. Epi nou di: — Sa Bondye vle, san repiyans. Apre nou fin pase kèk jou la epi nou fin ranje tout afè nou, nou pati Jerizalèm. Te gen kèk nan disip lavil Sezare yo ki te al ansanm avèk nou tou. Yo mennen nou lakay Nazon, moun lil Chip, ki te yon disip depi lontan. Se la nou fè ladesant. Lè nou rive Jerizalèm, frè yo resevwa nou ak kè kontan. Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la. Pòl di yo bonjou, apre sa li tanmen rakonte yo an detay tou sa Bondye te fè ak travay li nan mitan moun ki pa jwif yo. Lè yo fin tande l, yo tout pran fè lwanj Bondye. Apre sa yo di Pòl: — Frè nou, ou wè tout kantite jwif ki kwè nan Jezi. Malgre sa, yo tout byen zele pou lalwa a toujou. Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo. Sa pou n fè la a menm? Paske, talè konsa yo pral konnen ou rive isit la. Ou pral fè sa nou pral di ou la a: Gen kat moun ki te fè yon ve. Ou pral avèk yo, w'a patisipe ansanm ak yo nan tout sèvis y'ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. W'a fè tout depans pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen tou sa yo t'ap di sou ou a pat vre. Okontrè, ou menm pou tèt pa ou, ou toujou ap obeyi Lalwa Moyiz la. Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi kounyeya, nou deja ekri yo, nou voye di yo sàn te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè. Lè sa a, Pòl pran kat mesye yo, epi nan denmen li patisipe avèk yo nan sèvis pou mete yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Apre sa, l'al nan tanp lan, li fè konnen ki jou sèvis la va fini, kilè pou yo ofri bèt pou yo touye pou yo chak la. Sèt jou yo te prèt pou fini lè jwif ki sòti nan pwovens Lazi yo wè Pòl nan tanp lan. Yo moute tèt foul moun yo, yo mete men sou li. Yo t'ap rele: — Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Kounyeya, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. (Yo t'ap di sa, paske yo te wè Twofim, moun lavil Efèz, ansanm ak Pòl nan lavil la. Yo te konprann Pòl te fè l antre nan tanp lan tou.) Tout lavil la te tèt anba, moun kouri sòti toupatou. Yo mete men sou Pòl. Yo trennen l deyò, epi lamenm yo fèmen tout pòt tanp lan. Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l ki jan tout lavil la te tèt anba. Lamenm li pran kèk ofisye ak kèk sòlda avèk li, li kouri desann bò kote foul moun yo. Yo menm menm, lè yo wè kòmandan an ak sòlda yo yo sispann bat Pòl. Kòmandan an pwoche bò kote Pòl, li fè yo arete l, li bay lòd pou yo mare l ak de chenn. Lèfini, li mande ki moun li te ye, kisa l te fè. Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pat kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan. Lè sòlda yo rive bò eskalye a avèk Pòl, yo te blije leve l anlè pou yo te sa pase avè l, sitèlman moun yo te ankòlè. Yo tout yo t'ap swiv li, yo t'ap rele: — Touye li. Yo ta pral fè Pòl antre nan kazèn lan, lè Pòl di kòmandan an: — Eske mwen ka di ou kichòy? Kòmandan an mande li: — Kouman? Apa ou pale grèk? Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revòl tou lòt jou la a epi ki te mennen katsan bandi ak li nan dezè a? Pòl reponn li: — Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Ou wè se sitwayen yon gwo lavil mwen ye. Tanpri, kite m pale ak pèp la. Kòmandan an ba l pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa