Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Travay 2:29-36

Travay 2:29-36 HAT98

— Frè m yo, pèmèt mwen pale kareman ak nou. David, zansèt nou an, mouri, yo antere l. Tonm li la nan mitan nou jouk jòdi a. Men, David te yon pwofèt, li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sèmante li t'ap fè yonn nan pitit li yo wa tankou li. David te wè sa Bondye ta pral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l leve sòti vivan nan lanmò lè l di: Yo p'ap kite l kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti. — Bondye fè Jezi sa a leve sòti vivan. Nou tout nou temwen bagay sa a. Bondye fè l moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande kounyeya. Se pa David ki te moute nan syèl la. Men, li te di: Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. — Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la.

Li Travay 2

Koute Travay 2

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Travay 2:29-36

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo