Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a. Lè sa a, yo wè yon bann filang tou long parèt tankou lang flanm dife. Yo separe yonn ak lòt epi y'al poze yonn pa yonn sou tèt yo chak. Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale. Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te sòti nan tout peyi sou latè. Lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak. Yo pat manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: — Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye? Ki jan nou fè tande y'ap pale nan lang peyi nou?
Li Travay 2
Koute Travay 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 2:1-8
10 Days
Wrestling with faith and doubt can be profoundly lonely and isolating. Some suffer in silence while others abandon belief altogether, assuming doubt is incompatible with faith. Dominic Done believes this is both tragic and deeply mistaken. He uses Scripture and literature to argue that not only is questioning normal but it is often a path toward a rich and vibrant faith. Explore faith and doubt in this 10-day plan.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo