Travay 2:1-13

Travay 2:1-13 HAT98

Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a. Lè sa a, yo wè yon bann filang tou long parèt tankou lang flanm dife. Yo separe yonn ak lòt epi y'al poze yonn pa yonn sou tèt yo chak. Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale. Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te sòti nan tout peyi sou latè. Lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak. Yo pat manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: — Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye? Ki jan nou fè tande y'ap pale nan lang peyi nou? Nan nou la a gen moun Pat, moun Medi ak moun Elam, gen moun Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon ak moun Lazi. Gen moun Friji, moun Panfili, moun Lejip, moun teritwa Libi ki toupre Sirèn. Genyen ki sòti lavil Wòm. Nan nou gen jwif, gen moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo, gen moun ki sòti Lakrèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou fè tande yo ap pale lang nou, y'ap rakonte bèl bagay Bondye te fè? Yo tout te sezi, yo pat konn sa pou yo te kwè. Yonn t'ap di lòt: — Sa sa vle di? Gen lòt moun menm ki t'ap pase yo nan rizib. Yo t'ap di: — Moun sa yo sou.