Travay 18:1-11

Travay 18:1-11 HAT98

Apre sa, Pòl pati, li kite lavil Atèn, l'ale lavil Korent. Rive la, li kontre yon jwif yo te rele Akilas, moun peyi Pon, ki te fenk rive sòti Itali ansanm ak madanm li ki te rele Prisil, apre Seza Klòd te bay lòd pou tout jwif te kite lavil Wòm. Pòl al wè yo, epi l rete lakay yo. Li t'ap travay ansanm ak yo paske li te gen menm metye ak yo: li te konn fè tant an twal. Chak jou saba, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès. 19/9 Men anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè. Yo t'ap pase mesaj Bondye a nan rizib devan tout moun. Lè Pòl wè sa, li wete kò li nan mitan yo, li pran disip Kris yo ak li. Chak jou, li t'ap preche nan lekòl Tiranis la. Men, lè Silas ak Timote rive sòti Masedouàn, Pòl te bay tout tan l pou travay predikasyon an sèlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan. Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t'ap joure l. Lè l wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l di yo: — Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fòt mwen. Depi kounyeya m'ap vire kò m bò kote moun ki pa jwif yo. Konsa li sòti, l'ale lakay Titiyis Jistis. Se te yon nonm ki pat jwif men ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Kay li te tou kole ak sinagòg la. Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Senyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm. Yon jou lannwit, Pòl fè yon vizyon. Li wè Senyè a ki di li: — Ou pa bezwen pè, se pou ou kontinye pale. Pa fèmen bouch ou. Mwen la avèk ou. Pèsonn p'ap ka mete men sou ou pou fè ou anyen. Gen anpil moun ki pou mwen nan lavil la. Konsa, Pòl pase dizwit mwa lavil Korent, li t'ap moutre moun yo pawòl Bondye a.