Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan vil nou an, mwen wè tout kote nou adore. Epi nan gade konsa, je m' tonbe sou yon lotèl ki ekri konsa: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sèvi san nou pa konnen li an, se li menm m'ap fè nou konnen jodi a. Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l, se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo. Li pa bezwen pou moun travay ba l anyen nonplis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay.
Li Travay 17
Koute Travay 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 17:23-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo