Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase. Chèf prizon an leve. Lè l wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l, li ta pral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove. Men, Pòl kriye byen fò: — Pa fè tèt ou mal. Nou tout la. Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè. Apre sa, li fè yo sòti, li mande yo: — Mesye, kisa m dwe fè pou m delivre? Yo reponn li: — Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w'a va delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. Epi yo fè l konnen pawòl Senyè a, li menm ansanm ak tout moun ki te lakay li. Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l ansanm ak tout fanmi li.
Li Travay 16
Koute Travay 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 16:25-33
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo