Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: — Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Senyè a. Ann al wè ki jan yo ye. Banabas te vle mennen Jan ki te gen ti non Mak la avèk yo. Men, Pòl pat kwè se te yon bon lide pou yo te mennen l, paske, dènye fwa a, li te pati kite yo nan Panfili, li pat rete nèt ak yo jouk vwayaj la te fini. Lè sa a, yon diskisyon tèlman cho vin leve ant Pòl ak Banabas, sa fè yo separe yonn ak lòt. Banabas pran Mak avèk li, yo pran batiman, y'ale zile Chip. Pòl menm chwazi Silas. Apre frè yo fin renmèt li nan men Bondye k'ap ba l favè l, li pati.
Li Travay 15
Koute Travay 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 15:36-40
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo