Nan Ikonyòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè. Men jwif ki pat kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Senyè a. Senyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l te moutre sa yo t'ap di a te vre. Nan lavil la moun te fè de kan: yon bò te gen patizan jwif yo, lòt bò a te gen patizan apòt yo. Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch. Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y'al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinay yo. Yo t'ap anonse bòn nouvèl la, la tou.
Li Travay 14
Koute Travay 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 14:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo