Travay 13:26-52

Travay 13:26-52 HAT98

— Frè m yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou. Paske, moun Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa te konnen ki moun Jezi ye. Yo pa te konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak saba. Men se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo akonpli vre lè yo te kondannen Jezi. Atout yo pat jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li. Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l nan yon kavo. Men, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm sòti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l temwen kounyeya devan pèp Izrayèl la. Nou menm, nou vin fè nou konnen bòn nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo, li fè l pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou. Bondye te fè konnen li t'ap fè l sòti vivan nan lanmò pou l pat janm tounen pouriti ankò. Se sa l te fè konnen, lè l te di: M ava ba ou tout benediksyon mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo. Se poutèt sa, yon lòt kote li di konsa: Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l yo, li mouri. Yo antere l menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè. Men, moun Bondye te leve sòti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè. Frè m yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pat ka wete pou yo. Atansyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou: Gade non, nou menm k'ap meprize moun, sezisman pral touye nou. Paske mwen pral fè yon travay kounyeya nan mitan nou, bagay nou pa ta kwè, menm si moun ta rakonte nou li. Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen ankò saba pwochen pou pale sou menm bagay sa yo toujou. Apre reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye. Jou saba apre a, prèske tout moun nan vil la te rasanble pou tande pawòl Senyè a. Lè jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li. Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: — Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l, nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, kounyeya nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo. Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans. Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pat manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè. Pawòl Bondye a t'ap gaye toupatou nan peyi a. Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a. Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y'ale lavil Ikonyòm. Nan Antyòch menm, disip yo te kontan anpil, Sentespri te plen kè yo.