Travay 13:26-41

Travay 13:26-41 HAT98

— Frè m yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou. Paske, moun Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa te konnen ki moun Jezi ye. Yo pa te konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak saba. Men se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo akonpli vre lè yo te kondannen Jezi. Atout yo pat jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li. Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l nan yon kavo. Men, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm sòti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l temwen kounyeya devan pèp Izrayèl la. Nou menm, nou vin fè nou konnen bòn nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo, li fè l pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou. Bondye te fè konnen li t'ap fè l sòti vivan nan lanmò pou l pat janm tounen pouriti ankò. Se sa l te fè konnen, lè l te di: M ava ba ou tout benediksyon mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo. Se poutèt sa, yon lòt kote li di konsa: Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l yo, li mouri. Yo antere l menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè. Men, moun Bondye te leve sòti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè. Frè m yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pat ka wete pou yo. Atansyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou: Gade non, nou menm k'ap meprize moun, sezisman pral touye nou. Paske mwen pral fè yon travay kounyeya nan mitan nou, bagay nou pa ta kwè, menm si moun ta rakonte nou li.