Travay 13:1-4

Travay 13:1-4 HAT98

Nan legliz Antyòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl. Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a. Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale. Se konsa, Sentespri te voye Banabas ak Sòl nan misyon. Yo ale nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman ki pral zile Chip.