Ewòd te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fè, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tèt Blastis, yon ofisye ki t'ap travay lakay wa a. Epi y'al mande Ewòd pou l fè lapè ak yo, paske se nan peyi Ewòd la moun lakay yo te konn ale fè pwovizyon. Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fòtèy li a, epi l fè yon diskou ba yo. Pèp la pran rele: — Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye. Menm lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri. Pawòl Bondye a menm t'ap gaye plis toujou, li t'ap fè anpil avans. Lè Banabas ak Sòl fin fè misyon yo lavil Jerizalèm, yo tounen lakay yo, yo pran Jan ki te gen ti non Mak la ak yo.
Li Travay 12
Koute Travay 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 12:20-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo