Se lè sa a Pyè vin konprann sa k te rive li a. Li di: — Kounyeya, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m anba men Ewòd. Li sove m anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an. Lè l vin konprann sitirasyon an, l'ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyè. Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn. Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo: — Men Pyè deyò a wi.
Li Travay 12
Koute Travay 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 12:11-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo