Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an. Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l, yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye. Yon jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li: — Kònèy! Li gade zanj lan, li te pè, li di l konsa: — Sa k genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: — Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou. Kounyeya, voye moun lavil Jope, fè y'al chache yon nonm yo rele Simon (li gen yon ti non Pyè). Li fè ladesant lakay Simon, bòs tanè a, ki gen kay li bò lanmè a. Fini zanj Bondye a fin pale, l ale. Kònèy rele de domestik ansanm ak yonn nan gad kò l ki t'ap sèvi Bondye jwif yo tou. Li rakonte yo tou sa k te pase. Lèfini, li voye yo Jope.
Li Travay 10
Koute Travay 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 10:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo